Jwenn Swen

Èske ou konnen kiyès ou sipoze rele oswa sa ou bezwen pou jwenn swen? AmeriHealth Caritas Florida vle pou w jwenn swen yon fason ki fasil pou w ka rete an sante.

  • Èske ou/pitit ou ap resevwa sèvis enfimyè prive (PDN)?
    • AmeriHealth Caritas Florida vle asire li ou menm oswa pitit ou ap resevwa sèvis enfimyè prive (Private Duty Nursing, PDN) selon sa doktè w te mande a. Lè gen yon peryòd ki manke, sa afekte kalite swen li resevwa yo. Si gen yon mankman ki fèt nan swen w yo, tanpri rele ekip repons rapid la nan 1-855-371-8072 (lendi pou vandredi, soti 8è nan maten rive 5è nan aprèmidi nan lè ET) oswa rele ekip sèvis pou manm yo nan 1-855-355-9800 (TTY 1-888-877-5378), 24/7/365. Epitou, ou ka voye yon imèl ban nou nan PDNGaps@amerihealthcaritasfl.com. Klike isit (PDF) pou jwenn plis detay sou fason ou ka rapòte yon mankman nan sèvis infimyè yo.

    Manm AmeriHealth Caritas Florida ka jwenn swen nan mwen pwofesyonèl lasante oswa nan lopital.

    • Pwofesyonèl lasante ak lopital yo dwe fè pati rezo apwouve ki sou kontra avèk nou.
    • Itilize ànyè pwofesyonèl lasante an pou jwenn yon pwofesyonèl lasante oswa yon lopital.
    • Si ou pa wè pwofesyonèl ou bezwen an, rele Sèvis Manm lan gratis nan 1-855-355-9800. N ap jwenn yon pwofesyonèl lasante pou ou.

    AmeriHealth Caritas Florida pral peye pou swen ki apwouve. Si AmeriHealth Caritas Florida pa apwouve swen ou, ou ka oblije peye pou swen an.

    Si ou bezwen èd oswa ou gen nenpòt kesyon, rele Sèvis Manm lan nan 1-855-355-9800.

    Konsèy pou travay nan tèt ansanm ak pwofesyonèl sante w 

    Nou ta renmen pou manm nou yo patisipe yon fason ki aktif nan swen sante yo resevwa yo.  Pi bon fason pou fè sa se konsidere pwofesyonèl sante w yo tankou patnè pou swen w.  Men kèk konsèy k ap ede w travay nan tèt ansanm ak pwofesyonèl sante w pou jwenn pi bon rezilta.

    1. Poze kesyon:  Fè pwofesyonèl sante w konnen si w gen kesyon. Si gen yon bagay ou pa konprann, di l sa.  Pwofesyonèl sante a la pou ba w esplikasyon ak enstriksyon.
    2. Se pou ou onèt:  Lè ou bay pwofesyonèl sante w verite, se ede ou ede l chwazi pi bon plan tretman pou ou a.
    3. Ale nan randevou w yo:  Si w pa kapab ale nan yon randevou, pa bliye rele biwo a pou anile randevou a.
    4. Pa rive anreta:  Veye pou w rive alè nan randevou w yo. Si pa fè sa, ou gendwa fè pwofesyonèl sante w pran reta nan travay li.
    5. Pran nòt:  Ekri bagay ki pi enpòtan pwofesyonèl sante w di w yo. Sa ka ede w sonje sa l te di pandan randevou a.

    Fason ou ka prepare pou vizit ou kay pwofesyonèl sante w (PDF).