Enfòmasyon pou Ou

Twous tès COVID-19 a domisil

Se Ajans pour Administrasyon Swen Sante a (AHCA) ki mande nou pataje enfòmasyon sa yo avè w.

  • Manm yo dwe gen yon preskripsyon pou yo jwenn yon twous tès COVID-19 a domisil ki kalifye.
  • Pwofesyonèl swen prensipal la oswa yon famasyen ka ekri preskripsyon an.
  • Twous tès ki kalifye yo se sila ki vini sou fòm yon bwat ki gen yon sèl oswa de tès sèlman.
  • Plan an peye pou yon maksimòm kat tès chak mwa pou chak manm.
  • Manm yo tès yo san yo pa peye anyen.
  • Manm yo dwe pote yon preskripsyon ansanm ak kat idantifikasyon yo antanke manm AmeriHealth Caritas Florida nan famasi a.
  • Se famasi ki fè pati rezo a sèlman ki gen dwa pou distribye tès yo.
  • Plan an pa p ranbouse okenn acha yon manm fè ak pwòp lajan pa l pou yon tès.

Mission GED®

Èske ou ta renmen jwenn diplòm ekivalans lekòl segondè w oswa sètifika GED ou? Nou ka ede w ak pwogram Mission GED nou an!

Ki sa Mission GED ye?

Mission GED se yon pwogram espesyal ki ka ede w atenn objektif pou jwenn diplòm ekivalans lekòl segondè w oswa sètifika GED ou. Pwogram sa a ap menm ba w yon “titè” k ap soutni w pandan tout pwosesis la. Nou vle w reyisi!

 

Mission GED ka ede w avèk:

Depans pou tès la. Tès la ka koute chè. Men lè ou enskri nan Mission GED, AmeriHealth Caritas Florida pral ba w bon pou tès yo k ap pèmèt ou fè tès pratik ak tès nòmal pou jwenn diplòm ekivalans lekòl segondè la san w pa peye anyen!


Prepare. N ap fè w jwenn resous k ap ede w prepare w pou egzamen an.


Sipò. Nou pral kontakte w regilyèman pou ede w pwogrese. Nou pral ankouraje w!

 

Èske mwen kalifye?

Pou enskri nan Mission GED, ou:

  • Dwe yon manm AmeriHealth Caritas Florida.
  • Dwe genyen ant 16 ak 50 lane.
  • Pa dwe genyen yon diplòm lekòl segondè ni yon diplòm ki ekivalan.
  • Pa dwe enskri nan yon lekòl segondè ni nan yon inivèsite.

 

Enskri se yon bagay ki fasil!

  • Telechaje epi ranpli aplikasyon pou w vin yon manm Mission GED (PDF). Si w ta renmen resevwa aplikasyon an pa lapòs, tanpri rele ekip repons ak
    kontak rapid la nan 1-855-371-8072, lendi pou vandredi, soti 8è nan maten pou rive 5è nan aprèmidi.
  • Ranpli aplikasyon an epi voye l tounen pa lapòs nan adrès ki sou fòm nan.
  • Apre sa, youn nan titè ki nan pwogram nou an pral kontakte w. Si w kalifye pou pwogram sa a, nou pral ede w enskri pou jwenn sètifika GED ou epi nou pral ede w jwenn lòt resous nan zòn ou.

Pou jwenn plis enfòmasyon, rele ekip repons ak kontak rapid AmeriHealth Caritas Florida a nan 1-855-371-8072, , lendi pou vandredi, soti 8è nan maten pou rive 5è nan aprèmidi nan lè ET.

Si w gen nenpòt kesyon sou enfòmasyon manm, rele Sèvis Manm AmeriHealth Caritas Florida lan nan 1-855-355-9800.