Pou Kòmanse

Kijan pou patisipan yo kòmanse

Nan AmeriHealth Caritas Florida, priyorite nou se fè sa fasil pou w jwenn swen epi pou n kenbe w an sante. Sèvi avèk resous ki pi ba a yo pou kòmanse vwayaj ou sou chimen pi bon sante:


Fomilè ak enfòmasyon enpòtan


Si w poko yon patisipan

  • Kisa yo rele Medicaid?
    • Medicaid se pwogram asistans medikal ki pèmèt fanmi ak moun poukont yo ki gen revni ba jwenn swen medikal. Medicaid ede granmoun aje ak moun ki gen andikap tou avèk depans pou swen yo nan mezon retrèt ak lòt depans pou swen medikal ak swen alontèm.
    • Si w kalifye pou Medicaid, ou dwe chwazi yon plan asirans. Depatman Timoun ak Fanmi Florida (Florida Department of Children and Families, DCF) ap deside kiyès ki kalifye pou Medicaid.
  • Kijan mwen kapab wè si m kalifye pou Medicaid?