Pwogram Jesyon Swen

AmeriHealth Caritas Florida ofri pwogram jesyon swen pou ede w rete an sante. Ou pa bezwen yon rekòmandasyon pou pwogram sa yo.

Bright Start - Gwosès

AmeriHealth Caritas Florida gen yon pwogram espesyal pou fanm ansent ki rele Bright Start.

Nou vle ede w gen yon gwosès an sante.

AmeriHealth Caritas Florida ede fanm ansent fè bon chwa pou tèt yo ak tibebe yo nan pwogram Bright Start la. Swen sante byen bonè e konplè, anvan menm pitit ou fèt, se sekrè pou gen yon tibebe ki an sante.

Pwogram Bright Start la ede ankadre manm nou yo pandan gwosès. Chak fanm ki enskri nan Bright Start ap resevwa materyèl edikatif. Manm yo ka rele enfimyè ki anrejistre nou yo depi yo gen nenpòt kesyon oswa enkyetid pandan gwosès yo.

Yon enfimyè va kontakte tout manm ki arisk pandan gwosès yo. Enfimyè nou yo asire yo ke manm sa yo jwenn swen sante yo bezwen pou yo gen ti bebe an sante.

Bright Start disponib gratis pou tout manm ki ansent. Pou plis enfòmasyon oswa pou enskri, rele 1-855-371-8076.

Pafwa fanm yo santi yo deprime oswa yo tris apre yo fin gen yon ti bebe. Se yon bagay nòmal. Tanpri poze tèt ou de kesyon sa yo:

  • Pandan mwa ki sot pase a, èske mwen souvan te santi m tris, deprime, oswa san espwa?
  • Pandan mwa ki sot pase a, èske enterè m oswa plezi m te diminye lè mwen fè aktivite?

Si ou reponn "wi" pou youn oswa pou toude nan kesyon sa yo, tanpri rele depatman Bright Start nou an nan nimewo gratis nou an, 1-855-371-8076.

Materyèl Edikatif

Kle pou Swen ou®

Kle pou Swen ou (“Keys to Your Care”) se yon pwogram espesyal pou manm AmeriHealth Caritas Florida Health Choice kapab voye mesaj tèks epi pran kontak lè yo ansent; se Bright Start, pwogram matènite AmeriHealth Caritas Florida, ki pote pwogram sa a ba ou.

Pwogram Kle pou Swen an ap voye ba ou yon mesaj tèks chak semèn pandan gwosès ou, epi pou premye 15 mwa apre tibebe w la fèt.

Voye yon mesaj tèks ki di MAMA bay 85886 pou rantre nan pwogram Kle pou Swen an.

Rantre ladan Jodi a. Ou pa kapab voye mesaj tèks? Rele nou nan 1-855-371-8076 pou rantre nan pwogram Kle pou Swen an.

Èske ou ansent epi ou gen pwoblèm akoutimans?

Jwenn èd lè ou rele liy gratis Nesans san Dwòg la.
1-800-945-1355, 4 p.m. – 10 p.m., sèt jou sou sèt. 1-800-945-1355, 4 p.m. - 10 p.m., sèt jou sou sèt.