Telehealth

Ki sa telemedsin ye?

Distansyasyon sosyal pa vle di distansyasyon ak pwofesyonèl sante w!  Ou ka gen posiblite kominike ak yon pwofesyonèl sante jeneral oswa sante konpòtmantal san w pa kite sekirite ak konfò lakay ou pa mwayen yon randevou telemedsin. 

Telemedsin vle di ou ka konekte ak yon pwofesyonèl sante san ou pa ale nan biwo li*. Mande pwofesyonèl sante si w ka:

  • Gen yon konvèsasyon videyo ak pwofesyonèl sante w la atravè yon òdinatè, yon tablèt oswa yon smatfòn.
  • Voye pwofesyonèl sante w mesaj tèks sou yon pòtay sekirize sou Entènèt.
  • Pale ak pwofesyonèl sante w nan telefòn.

*Gen kèk pwofesyonèl sante ki pa bay sèvis sa yo.

Ki teknoloji mwen bezwen pou yon randevou telemedsin?

Pou yon randevou videyo ak pwofesyonèl sante w, w ap bezwen yon òdinatè, yon tablèt oswa yon smatfòn ki gen yon kamera e ki konekte ak Entènèt. Genyen kèk sèvis ou ka jwenn nan men pwofesyonèl sante w pa mwayen yon koutfil.

Ou pa gen smatfòn?  Antanke manm AmeriHealth Caritas Florida member (si w kalifye), ou ka resevwa yon smatfòn* san ou pa peye pou sa pou itilize sèvis telemedsin.  Avantaj sa a mache avèk yon kantite done Entènèt ak minit ou resevwa chak mwa, yon kantite mesaj tèks ki pa limite, ak apèl telefòn gratis lè w ap rele ekip sèvis pou manm AmeriHealth Caritas Florida yo. Pou jwenn plis enfòmasyon e pou aplike pou yon smatfòn, kontakte patnè nou, SafeLink, nan 1-877-631-2550, epi mansyone kòd pwomosyon AMERIHEALTH.

*Limit la se youn pou chak fwaye, epi moun nan dwe gen omwen 18 an pou l kalifye.

Eseye suiv ti konsèy sa yo pou pi byen pwofite sesyon telemedsin ou.

Se pou w pare. Jwenn yon kote ki prive e ki trankil, epi mande lòt moun pa deranje w.

Teste ekipman w anvan sesyon an kòmanse pou asire w koneksyon an bon. Èske ou ta pito mete yon kas nan zòrèy ou?

Prepare nenpòt kesyon ou genyen, reflechi sou sentòm ou ta renmen l konnen ou genyen, epi pran yon plim ak yon papye pou ekri rekòmandasyon pwofesyonèl sante w la.