Konpòtman ki Bon pou Lasante

Sante se yon bagay ki enpòtan pou nou tout. Nou vle pou w gen pi bon sante ki posib la epi n ap ankouraje ou atenn bi w yo. Gen plizyè diferan pwogram Konpòtman ki Bon pou Lasante kounye a. Ann kòmanse pa chwazi pwogram ki bon pou ou yo.

Resevwa rekonpans poutèt ou atenn bi sante w yo

Ou kapab genyen rekonpans lè ou fini yon pwogram ki pi ba a. Ou gen dwa fè plis pase yon pwogram si ou kalifye. Nan kad patisipasyon ou nan twa pwogram Konpòtman ki Bon pou Lasante ki pi ba yo, w ap enskri nan jesyon ka epi n ap ba ou yon Jesyonè Swen. Twa pwogram Konpòtman ki Bon pou Lasante sa yo pa gen dat ekspirasyon pou sèvis, ni dènye delè pou fòmilè.

  • Pèt pwa. Pwogram sa a egzije siyati yon founisè swen primè (PCP) sou fòmilè a.
  • Sispann fimen.
  • Gerizon apre konsomasyon alkòl ak dwòg.

Anplis twa pwogram ki pi wo yo, se avèk plezi nou soutni lòt pwogram Konpòtman ki Bon pou Lasante ki pi ba yo. Pou yo konsidere w pou pwogram ki annapre yo, w ap gen pou ranpli epi remèt yon fòmilè akonplisman. Pwogram sa yo gen kòm dènye delè pou remèt fòmilè akonplisman an 31 janvye 2020. Dènye jou pou w fini avèk sèvis yo se 31 desanm 2019, ki se lè pwogram sa yo ap ekspire tou.

Gen anpil diferan pwogram ki disponib. W ap jwenn plis enfòmasyon pi ba a.

Matènite

Patisipan ki ansent yo ki fè vizit swen sante pandan yo ansent ak yon vizit lè yo fin akouche kapab resevwa yon kat kado $50. Patisipan an dwe ale nan 10 vizit gwosès sou 13. Vizit apre akouchman an dwe fèt ant 21 a 42 jou apre nesans tibebe a. Patisipan yo dwe akouche yon tibebe nan dat oswa ant dat 6 novanm 2018 ak 5 novanm 2019.

Vizit apre akouchman

Patisipan ki ansent yo ki  ale nan yon vizit apre akouchman ap resevwa yon kat kado $20. Vizit apre akouchman an dwe ant 21 ak 42 jou apre nesans tibebe a. (Li pa disponib pou patisipan ki te fè pwogram rekonpans Matènite a.) Patisipan yo dwe akouche yon tibebe nan dat oswa ant dat 6 novanm 2018 ak 5 novanm 2019.

Vizit kay doktè pou timoun ki pa malad (pou patisipan ki vin gen 15 mwa pandan ane 2019 la)

Si pitit ou ale nan omwen sis vizit kay doktè san se pa malad li malad, pandan li gen ant 31 jou ak 15 mwa, ou kapab resevwa jiska $50 kat kado. Vizit yo dwe fèt nan dat oswa anvan dat 31 desanm 2019 epi pitit ou a dwe vin gen 15 mwa pandan ane ki kòmanse 1ye janvye 2019 pou fini 31 desanm 2019 la.

Vizit kay doktè pou timoun ki pa malad (laj ant 3 ak 6 zan)

Si pitit ou a ale nan omwen yon vizit kay doktè san se pa malad li malad epi li gen laj ant 3 ak 6 zan an 2019, ou kapab resevwa jiska $20 kat kado. Patisipan yo ap resevwa yon rekonpans $20 pou yon vizit kay doktè pou timoun ki pa malad ki fèt nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 30 jen 2019, oswa yon rekonpans $10 pou yon vizit kay doktè pou timoun ki pa malad ki fèt nan dat oswa ant dat 1ye jiyè 2019 ak 31 desanm 2019.

Vizit kay doktè pou adolesan ki pa malad (laj ant 12 ak 21 nan)

Si pitit ou a ale nan omwen yon vizit kay doktè san se pa malad li malad epi li gen laj ant 12 ak 21 nan an 2019, ou kapab resevwa jiska $20 kat kado. Patisipan yo ap resevwa yon rekonpans $20 pou yon vizit kay doktè pou adolesan ki pa malad, nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 30 jen 2019, oswa yon rekonpans $10 pou yon vizit kay doktè pou adolesan ki pa malad nan dat oswa ant dat 1ye jiyè 2019 ak 31 desanm 2019.

Sèvis prevansyon ak pou pasyan ekstèn pou granmoun

Si ou se yon patisipan ki gen omwen laj 20 tan an 2019 epi ou fè omwen yon vizit pasyan ekstèn oswa prevansyon, ou kapab resevwa jiska $20 kat kado. Patisipan yo kapab resevwa yon rekonpans $20 pou yon vizit kay doktè nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 30 jen 2019 oswa yon rekonpans $10 pou yon vizit kay doktè nan oswa ant dat 1ye jiyè 2019 ak 31 desanm 2019.

Depistaj pou plon

Si pitit ou a fè omwen 1 analiz san nan kapilè oswa nan venn pou wè si li pa gen anpwazònman akòz plon, w ap resevwa yon kat kado $10. Tès la dwe fèt nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2018 ak 31 desanm 2019. Pitit ou a dwe vin gen 2 zan nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019 pou kalifye.

Tès dyabèt

Patisipan yo ki gen dyabèt epi ki gen ant laj 18 ak 75 an kapab genyen yon kat kado $30 si yo fè toude tès ki annapre yo:

•     Tès san emoglobin (HbA1C).

•     Tès mikwo-albimin nan pipi (tès depistaj pou maladi ren).

Tès yo dwe fèt nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019.

Egzamen je pou moun ki gen dyabèt

Patisipan yo ki gen dyabèt epi ki gen laj ant 18 ak 75 an kapab resevwa yon kat kado $20 si yo fè yon egzamen ànyèl retin je oswa je dilate. Vizit la dwe fèt nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019.

Suivi sante konpòtman

Patisipan yo ki fè yon vizit suivi kot yon founisè sante mantal kapab genyen yon kat kado $20. Patisipan yo dwe gen laj omwen 6 zan an 2019. Vizit suivi a dwe fèt disi sèt jou apre egzeyat la nan yon etablisman sante konpòtman/mantal aktif pou pasyan entèn. Vizit la dwe fèt nan dat oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019.

Depistaj kansè tete

Patisipan fi yo kapab genyen yon kat kado $10 si yo fè yon mamogram pou depistaj kansè tete. Tès depistaj la dwe fèt nan dat  oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019. Patisipan yo dwe gen ant laj 50 ak 74 an nan lane 2019.

Depistaj kansè kòl matris

Patisipan fi yo kapab genyen yon kat kado $10 si yo fè yon tès depistaj kansè kòl matris. Tès depistaj la dwe fèt nan dat  oswa ant dat 1ye janvye 2019 ak 31 desanm 2019. Patisipan yo dwe gen ant laj 21 ak 64 ran an 2019.


Kijan pou w antre nan yon pwogram Konpòtman ki Bon pou Lasante:

ETAP 1. Pote yon Fòmilè Akonplisman Konpòtman ki Bon pou Lasante (PDF) nan pwochen vizit ou a kot PCP w lan oswa founisè k ap trete w lan. Founisè w lan kapab montre ou ki pwogram ou kalifye pou yo.

ETAP 2. Lè ou ak founisè w lan fin siyen fòmilè ranpli an (si sa obligatwa), remèt nou fòmilè a. Ou kapab fakse fòmilè a bay Ekip Entèvansyon Rapid ak Sansibilizasyon (Rapid Response and Outreach Team) AmeriHealth Caritas Florida la nan 1-855-236-9281. Ou gen dwa poste Fomilè Akonplisman siyen an tou nan anvlòp tou peye ki vini avèk lèt sa a  bay:

AmeriHealth Caritas Florida
P.O. Box 7181
London, KY 40742

Tanpri pran nòt dènye delè yo pwogram nan genyen pou sèvis yo ak retou fòmilè yo.

ETAP 3. Lè nou fin resevwa fòmilè ranpli an, yon Jesyonè Swen gen dwa kontakte ou. Jesyonè Swen an pral diskite sou pwogram ou chwazi yo pi an detay. W ap fini pwogram nan dapre etap enpòtan oswa sèvis obligatwa ki defini yo. Jesyonè Swen an pral rele PCP w lan pou konfime ou vini nan tout randevou w yo, oswa n ap verifye reklamasyon pou sèvis yo.

ETAP 4. Lè nou fin verifye patisipasyon ou oswa reklamasyon yo, w ap resevwa yon kat kado pa lapòs. Si nou pa kapab verifye sèvis yo, ou dwe bay dokimantasyon pou demontre ou te pase chak etap enpòtan oswa kondisyon.


Kontakte nou pou pran plis enfòmasyon

Nou la pou ede w. Si ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon oswa patisipe, rele Sèvis pou Patisipan yo gratis nan 1-855-355-9800 (1-855-358-5856 pou moun ki pa tande byen). Pou patisipan ki gen mwens pase laj 18 an n ap voye rekonpans yo bay paran/gadyen patisipan an pa lapòs. Yo pa kapab sèvi ak rekonpans patisipan yo pou sèten pwodui. Sa gen ladan achte alkòl, tabak, jwèt aza (sa gen ladan biyè bòlèt), medikaman (sòf si se medikaman ki san preskrisyon), zam afe, oswa minisyon. Yo pa kapab transfere rekonpans yo bay yon lòt moun.