Avèk nou, se ou ki enpòtan.

Chwazi AmeriHealth Caritas Florida

Misyon nou se sèvi w ak fanmi w epi ede nou jwenn bonjan swen sante. AmeriHealth Caritas Florida se yon plan sante Medicaid ki fè pati fanmi konpayi nasyonal AmeriHealth Caritas Family of Companies. AmeriHealth Caritas ap ede moun resevwa swen epi rete an sante depi plis pase 37 an. Nou ede manm nou yo jere sante yo epi jwenn resous ki disponib yo nan kominote a. Se swen w yo ki gen premye plas nan travay nou.

Se ou menm ak fanmi w ki priyorite nou lè n ap bay prestasyon swen sante nou yo

Kèk nan yo se:

Yon telefòn gratis

Jwenn yon telefòn pou fwaye w san w pa peye pou sa! Telefòn nan gen yon kantite done Entènèt ak minit ki limite chak mwa, ak yon kantite mesaj tèks ki pa gen limit.*

Sèvis telemedsin

Asiste randevou telemedsin san w pa peye pou sa! Kominike ak yon pwofesyonèl sante jeneral oswa sante konpòtmantal san w pa kite sekirite ak konfò lakay ou.*

Liy enfimyè ki disponib 24 sou 24, 7 sou 7

Nou la pou reponn kesyon w yo nan domèn sante, lajounen kou lannuit, san w pa peye pou sa!

Jwenn swen rapid

Jwenn swen rapid nan rezon nou an san w pa peye pou sa! Pa ret tann yon pakèt tan nan saldijans lopital la.

Pwogram matènite ak yon akonpayatè sante

Enfimyè nou yo ka ba w sipò pandan gwosès ou. Enskri nan pwogram tèks nou an pou jwenn rapèl ak konsè k ap ede w rete an sante pandan gwosès ou!*

Pwogram jesyon swen espesyalize

Enfimyè nou yo ap ede w jere pwoblèm sante w yo. Jwenn yon sipò kote yo esplike tout sa pou w fè pou jere pwoblèm sante tankou opresyon ak depresyon.

Sèvis transpò

Jwenn transpò pou al kay doktè w yo san w pa peye pou sa! Ale nan egzamen sante ànyèl yo, nan randevou sèvis sante konpòtmantal, nan sant swen rapid ak nan famasi pou al chèche medikaman w yo.

Egzonerasyon ko-peman

Jwenn nenpòt sèvis sante jeneral oswa konpòtmantal san w pa peye ni ko-peman ni okenn lòt bagay!

Zouti pou jere sante w

Itilize aplikasyon mobil nou oswa pòtay manm yo pou gade kat idantifikasyon dijital ou, antesedan sante w yo ak lòt enfòmasyon enpòtan.*

Ekip sipò pou ede w

Ekip sipò nou an la pou ede w satisfè bezwen ki pi ijan yo, tankou pran yon randevou. Èske ou bezwen manje, yon kote pou rete oswa yon lòt nesesite debaz? Nou travay pou fè w jwenn resous ki disponib yo pou ede w nan kominote a.

Èske ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon? Li lis tout pretasyon nou yo (PDF) (li ouvri yon lòt fenèt) oswa chèche pwofesyonèl oswa etablisman sante (li ouvri yon lòt fenèt) sou sitwèb nou an.


Fason pou enskri

  1. Aplike pou Medicaid.
    • Pou enskri nan AmeriHealth Caritas Florida, ou dwe kalifye pou Florida Medicaid. Se Depatman Timoun ak Fanmi Florid la (DCF) ki deside kiyès ki kalifye pou Medicaid. Kontakte Depatman Timoun ak Fanmi Florid la nan 1-866-762-2237 oswa aplike pou Medicaid sou Entènèt..
  1. Chwazi AmeriHealth Caritas Florida kòm plan sante w.**
    • Si w kalifye pou Medicaid, ou pral resevwa yon lèt nan men Ajans Administrasyon Swen Sante a (AHCA) k ap mande w chwazi yon plan.
    • Pou chwazi yon plan, rele yon konseye chwa nan nimewo gratis 1-877-711-3662 (TTY 1-866-467-4970) oswa ale sou sitwèb Statewide Medicaid Managed Care a.

AmeriHealth Caritas Florida se yon plan swen jere ki gen yon kontra avèk Florida Medicaid. Enfòmasyon nou bay sou prestasyon yo se yon ti rezime. Yo pa dekri tout prestasyon yo nèt. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte plan swen jere a.

*Ka gen limitasyon, ko-peman ak/oswa restriksyon ki aplike. Prestasyon yo, fòmilè yo, rezo famasi a, prim yo ak/oswa ko-peman/ko/asirans yo gendwa chanje.

**Nou fyè dèske nou sèvi konte Indian River, Martin, Miami-Dade, Monroe, Okeechobee, Palm Beach ak St. Lucie.