Swen Dijans

Ijans

Si ou gen yon ijans, rele 911 oswa ale nan sal ijans ki pi pre a. Montre kat idantite AmeriHealth Caritas Florida ou. Rele PCP ou ak AmeriHealth Caritas Florida leplivit posib. Ou pa bezwen yon otorizasyon alavans pou ale nan sal dijans la.

Yon ijans se yon pwoblèm sante ki gen dwa grav e ki se yon danje pou lavi ou ak kapasite yo w deplase. Pwoblèm lan se ka nan nenpòt pati nan kò w oswa nenpòt ògàn. Si ou ansent, sa gen ladan ou menm ak tibebe ki poko fèt la.

Rele 911 oswa ale nan sal ijans yon lopital si oumenm oswa manm fanmi ou gen youn nan pwoblèm sa yo:

  • Yon aksidan grav
  • Domaj nan je
  • Senyen grav
  • Yon lafyèv 100.5º oswa pi wo pou tibebe ki gen 0 a 2 mwa
  • Blesi oswa boule ki grav
  • Zo kase
  • San nan vomi
  • Yon blesi poutèt yon kout kouto oswa yon bal
  • Doulè nan pwatrin
  • Pwoblèm pour respire
  • Pèt konesans
  • Anpwazònman
  • Prèske mwaye
  • Pa gen batman venn oswa batman kè
  • Yon konjesyon serebral

Swen dijan andeyò zòn ou

Si ou menm oswa yon fanmi ou vin malad epi bezwen swen nan yon zòn ki pa fè pati zòn sèvis AmeriHealth Caritas Florida la, rele Sèvis Manm lan gratis nan 1-855-355-9800. N ap ede ou jwenn yon doktè kèlkeswa kote ou ye a.